vendredi 17 septembre 2010

Aktivite atistik ak kiltirèl

Anpil moun panse ke kilti nou se pi gwo mwayen nou genyen pou n vanse sou chimen developman peyi nou.Refleksyon sa yo chita sou kantite atis peyi a genyen e sou kalite zèv yo pwodwi nan tout domèn atistik yo,soti nan penti,pase nan eskilti,tonbe nan teyat pou rive nan mizik san nou pa bliye achitekti.
Nap site kèk gwo non pou chak domèn sa yo, yon mannyè pou nou ka fè konesans ak atis sa yo.Nan mizik nou ka pale de Nemours Jean-Baptiste,Webert Sicot,Guy Durosier,Beetovah Obas,Lumane Casimir,Carole Démesmin,Emeline Michel,Ti fane,Belo,Wiclef Jean, elatriye. Pou sa ki konsène penti ak eskilti nou ka site,Hector Hypolithe,Dieudonné Cédor,Jean-Claude Garout (Tiga), Préfet Duffault,André Pierre,Ralph Allen elatrye.Nan zafè teyat nou ka site Rassoul Labuchin,Théodore Beaubrun,Félix Morisseau Leroy,Daniel Marceln,Ervé Deni,Magalin Marcelin,Magalie C. Denis,Mirtho Caséus,Paula Péan elatriye.
Jèn Kafou-fèy yo vle kontinye pote piwo flanbo kilti ayisyèn nan.Se poutèt sa sou inisyativ APROSIFA yon asosyasyon kap feraye nan zon nan,plizyè dizèn jèn reyini nan divès atelye ,penti,eskilti,desen elatriye pou aprann ak pwodwi bon zèv atistik ak bon pwodwi atizana.
Jèn sa yo deja patisipe nan anpil ekspozisyon isit an Ayiti,ak lot bo fwontyè.


Pou kontakte jèn atis sa yo,pou achte zèv yo,Pou ankouraje yo,nou ka pase nan Kafou-fèy,ri Prévost nimewo 5.